Audio thumbnail

Feyton Sasa

Download audio

Feyton SASA!

Kijan nou wè yon granmoun gason k ap ofri jèn fi avantaj tankou peye lekòl nan lide pou fè sèks avè l? Kijan nou wè baton ak jouman nan relasyon mari ak madam?

An nou swiv istwa sa yo nan feyton SASA!, yon feyton sou relasyon fi ak gason ak tout piman, tout pwoblèm, tout kè kontan relasyon yo pote ansanm avèk yo.

Annik klike nan lyen yo pi ba, epi tande 6 epizòd feyton SASA! yo. Tande, epi rantre nan koze a ak nou.

Klike sou lyen an pou tande apati blog nou an. OUBYEN fè klik dwat pou tèlèchaje emisyon yo sou w la.

Feyton sa yo se youn nan plizyè zouti nou genyen anndan Repanse Pouvwa/ SASA! ki kapab ede nou brase lide anndan kominote a sou koze balans pouvwa ant fi ak gason.